Plat Manje ki Bon pou Lasante (Haitian Creole)

Haitian Creole Healthy Eating Plate translation

Plat Manje ki Bon pou Lasante, ki te kreye pa ekspè nitrisyon nan Harvard T.H. Chan School of Public Health ak editè yo nan Harvard Health Publications, se yon gid pou kreye repa balanse ki bon pou lasante— swa yo sèvi yo nan yon plat swa nan yon pake ki nan bwat a lunch. Mete yon kopi sou frijidè a kòm yon rapèl kotidyen pou kreye repa balanse ki bon pou lasante !

  • Pifò nan repa w la dwe se vejetal ak fwi – ½ plat ou a :

Objektif ou se plizyè koulè ak plizyè varyete. Epi sonje, pòmdetè pa konte kòm vejetal nan Plat Manje ki Bon pou Lasante a paske l gen yon efè negatif sou sik nan san.

  • Chwazi grenn konplè yo – ¼ nan plat ou a :

Grenn konplè ki entak—ble konplè, grenn dòj, grenn ble yo, kinoa, avwàn yo, diri jòn ak manje ki fèt ak grenn sa yo tankou vèmisèl, makawoni ki fèt ak ble konplè—gen yon efè ki pi piti sou sik nan san ak ensilin pase pen blan, diri blan ak lòt grenn rafine yo.

  • Pouvwa pwoteyin – ¼ nan plat ou a :

Pwason, poul, pwa ak nwa yo, yo tout se diferan kalite sous pwoteyin ki bon pou lasante—yo ka melanje yo ak salad epi yo ale byen ansanm ak vejetal nan yon plat. Limite vyan wouj epi evite vyann ki tou prepare yo tankou la ak sosis.

  • Lwil plant ki bon pou lasante – an moderasyon :

Chwazi lwil vejetal yo ki bon pou lasante tankou lwil doliv, kanola, soya, mayi, tounsòl, pistach ak lòt epi evite lwil ki pasyèlman idwojenize yo ki gen ladan yo grès trans ki pa bon pou lasante. Sonje pa gen anpil grès pa vle di « bon pou lasante. »

  • Bwè dlo, kafe oswa te :

Evite bwason sikre yo, limite lèt ak pwodui letye yo a youn oswa de pòsyon pa jou epi limite ji a yon ti vè pa jou.

  • Rete aktif :

Imaj wouj ki ap kouri sou napon Plat Manje ki Bon pou Lasante a se yon rapèl pou di rete aktif se yon bagay tou ki enpòtan nan kontwòl pwa.

Mesaj prensipal Plat Manje ki Bon pou Lasante konsantre sou kalite rejim nan.

  • Tip glisid ki nan rejim nan pi enpòtan pase kantite glisid ki nan rejim nan paske kèk sous glisid—tankou vejetal yo (pòmdetè pa ladan yo), fwi, grenn konplè yo ak pwa yo—pi bon pou lasante pase kèk lòt.
  • Plat Manje ki Bon pou Lasante a konseye konsomatè yo tou pou yo evite bwason sikre yo ki se yon gwo sous kalori—ki dabitid gen yon tikras valè nitrisyonèl.
  • Plat Manje ki Bon pou Lasante a ankouraje konsomatè yo pou yo itilize lwil ki bon pou lasante yo epi li pa endike yon kantite maksimòm nan pousantaj kalori moun dwe manje chak jou nan sous grès ki bon pou lasante yo.

Terms of Use

The contents of this website are for educational purposes and are not intended to offer personal medical advice. You should seek the advice of your physician or other qualified health provider with any questions you may have regarding a medical condition. Never disregard professional medical advice or delay in seeking it because of something you have read on this website. The Nutrition Source does not recommend or endorse any products.